N ap Satisfè Bezwen Kominote Nou yo

An jen 2020, fondasyon an te anonse entansyon li pou l  elaji debousman yo yon fason pou ogmante konsiderableman sipò pou òganizasyon ki pa travay pou pwofi yo. Nan angajman li an, WKKF te mete ansanm ak kat lòt fondasyon ki angaje yo tou pou ogmante debousman yo pouadrese bezwen kritik timoun, fanmi ak kominote yo aprè pandemi mondyal la, avèk tou pwoblèm ijan ki gen rapò ak enjistis rasyal yo.

Jodiya, W.K. Kellogg Foundation pataje kategori sibvansyònman nou gen entansyon finanse yo. Ogmantasyon nan fon debousman yo pral kontinye aliyen ak priyorite nou yo – timoun k ap devlope, fanmi k ap travay, kominote ekitab – e ak ADN nou an (angajman kominotè, lidèchip ak ekite rasyal) epi nou pral kategorize yo atravè:

  • Inovasyon nan kalite edikasyon pou timoun, anplwa ak ekite ekonomik ak ekite nan swen sante 
  • Patenarya filantwopik pou rekonstriksyon ak re-envansyon kominote yo apre COVID-19 
  • Sipòte enstitisyon ki desèvi moun ki pa blan yo oswa sipòte lidèchip 
  • Ekite rasyal ak gerizon rasyal, ki gen ladan, chanjman naratif 
  • Defans politik yo ak chanjman sistèm yo 

Tan sa yo mande pou yon lidèchip kouraje ak inovasyon,” sa a se deklarasyon La June Montgomery Tabron, Prezidan ak Direktè Jeneral W.K. Kellogg Foundation te fè. “Apre pandemi a, benefisyè, kominote ak òganizasyon kolaboratè nou yo oblije djanm pou yo ka reyimajine ak rekonstwi sistèm ki santre sou ekite rasyal yo. Yo posede konpetans antanke lidè, konesans ak detèminasyon pou fè kominote yo avanse; nou vle pou nou se patnè katalitik la nan pwosesis sa a.”

Pa gen okenn pwosesis espesyal pou aplike pou fon sa yo. Tanpri vizite sit grant application nou an pou gen plis detay. 

 

What to Read Next

View Translated Content
1 /
images
Español An Kreyòl
Previous Next

“Empleen el dinero del modo en que crean conveniente, siempre y cuando promueva la salud, la felicidad y el bienestar de los niños.” - Will Keith Kellogg

“Sèvi ak lajan an jan w vle depi se sante timoun, byennèt timoun ak kè kontan pou timoun w ap ankouraje.” - W.K. Kelòg